Profile PictureDonaldson Velny

Avanti Bouki Ak Malis: 2 Zanmi Ki Pa Wè Lavi Nan Menm Linèt

$15+
0 ratings

Lavi a gen plizyè metòd li anseye nou leson nou dwe konnen. Bòs Leyonò (youn nan pèsonaj prensipal yo)  aprann nan dooulè ke edikasyon pa gen pri. Se yon dekouvèt ki ta pral revolisyone lavi peyizan an ansanm ak pitit gason li, Maks, ki pouse l menm rive fè yon doktora.


Edikasyon se yon tematik omniprezan nan tout liv la.  Men fason nou apwoche l kapab fè diferans ant siksè ak echèk. Anndan liv ki nan men w lan, otè a prezante 2 tip edikasyon. Men paske yo diferan, sa pa vle di yo pa ka danse kole. Ou ap gen chans dekouvri yo.   


Anpil istwa prezante Bouki ak Malis kòm 2 advèsè. Ou va dekouvri sa pa te janm verite. Wi, se 2 nèg diferan. Men li posib pou 2 nèg  travay ansanm menm si yo pa wè lavi a menm jan.


Liv sa se jefò otè a pou prezante Bouki ak Malis sou yon ang pi pozitif. Se yon listwa ki chita sou lanmou, konesans, pèseverans ak lespri antreprenarya. Moun tout laj ap jwenn kichòy itil nan ouvraj sila. Se yon omaj a pwofesè  Jacqueline Turian Cardozo pou kontribisyon li nan domenn edikasyon nan peyi Dayiti.

Achte l pou kore pwopagasyon yon mesaj pozitif. Achte l pou ankouraje yon nouvo jenerasyon ekriven.


#AntreprenèTilandeng

$
Add to cart

Se yon resi fiksyon ki atake pwoblèm reyèl.

Kantite Paj
100
Tay
487 KB
Copy product URL
$15+

Avanti Bouki Ak Malis: 2 Zanmi Ki Pa Wè Lavi Nan Menm Linèt

0 ratings
Add to cart